Senluidinò konfli teryen: anpil san ka koule si otorite yo pa di mo pa yo

Senluidinò___(TRiboLAND) Lokalite Vertus 2 , anviwon 400 fanmi ki okipe yon pòsyon teren depi plis pase 40 lanne, ap sibi anpil menas anba men yon sèten Celissa Pierre Charles ki debake ak fo papye, jij depè, lapolis ak bann rara pou vinn mete moun yo deyò sou tè yo.
Fanmi sa yo ki di yo te achte teren sa yo nan men yon sèten René Gothier e ki ap sibi anpil presyon ak pèsekisyon maten tankou lajounen, lonje dwèt yo sou chèf pakè Pòdpè a, Me Bellamin Jean Volney ki te avoka nan dosye a e ki te pèdi pwosè a sou nouvo dwayen Tribinal 1ere Enstans Pòdpè a Me Yeves Périclès ki te jij nan epók la e ansanm ak aktyèl grefye tribinal la, Ulrick Lafrance jounen Jodi a malgre Lajistis te deja tranche anfavè fanmi sa yo, mete tèt yo ansanm ak Celissa ki revandike tè pou fè kòb sou do malere ak malerèz sa yo kap pase yon move moman sitou ak koze Peyi Lòk saa Alòske Lajistis te deja tranche anfavè fanmi sa yo
Nan moman n ap pale a, mesye yo rantre sou teren yo akonpanye bann rara, lapolis ak jij depè, devalize tout jaden lage mete atè e answit touye kochon yo ki se kanè bank peyizan yo.
Fanmi viktim sa yo ki te nan mikwo TRiboLAND, fè konnen tout sa yo te posede tankou jaden ki te chaje kouleba ak bannann, zanimo yo tankou kochon, anvayisè yo disparèt tout bagay douvan grenn je Lajistis nan Nòdwès malgre aktwèl Komisè gouvènman Pódepé a, Me Bellamin Jean Volney , konnen tè yo se pou yo paske Komisè te okouran jijman ki te rann anfavè yo e lè sa a li te avoka lòt pati a.
Konsa, yo lanse yon apèl bay otorite yo nan Pòtopwens, Pwezidan Jovenel Moise sitou, pou vin ba yo timoso Lapè ak timoso jistis paske lavi yo menase anpil nan Senluidinó, Lokalite Vertus 2 kote yo oblije abandone kay yo pou Célissa ki toujou akonpanye bandi ak gwo zàm fann fwa pa fè ladènye sou yo.
Saint jean wiskis, TRiboLAND.






