Kap Ayisyen : Martine Moise pwezante senpati li bay viktim dràm Kafou Samari yo

12/15/2021
(TRiboLAND) Nan yon tweet vonvon ke li fè sòti madi 14 desanm 2021 an, kèk èdtan apwè katastwòf Kafou Samari a nan komin Kap Ayisyen, ansyèn Pwemyè dàm nan, Martine Moise pwezante senpati li bay tout fanmiy ki enkonsolab akoz pwòch yo ki mouri kankannen oubyen blese nan dràm eksplozyon sila ki plonje peyi a nan dèy ak doulè mare ren.
Martine deklare ke li atriste e zantray li ap dechire fas ak kantite moun sa yo ki mouri apwè yon kamyon eksploze nan yon katye Samari nan Lafosèt, depatman Nò peyi a. “Nan moman dèy sa, mwen pwezante kondoleyans mwen bay tout fanmiy viktim yo. E mete sa nan tèt nou Kap Ayisyen, map toujou la avèk nou ni nan bon tan, ni nan move tan”, dapwè yon tweet petit Gran Nò a mete deyò.






