Sinyatè Akò Marriott yo voye jete yon lòt fwa ankò envitasyon Jovenel Moise la

100
0
Share:
TRiboLAND

Pòtopwens__(TRiboLAND) Rankont ki te pwevwa ant Pwezidan Jovenel Moise ansanm avèk signatè Akò Tèt Kole Marriott la avòte pou yon lòd fwa ankò. Opozisyon an, atravè Pòt Pawòl li, Avoka André Michel di yo pap pote kole akoz dènye deklarasyon menasant Chèf Deta fè kont opozisyon an e sitou vis avèk fòm ki te reflete nan lèt Palè Nasyonal la.

Konsa, yo deklare ke yo rale yon lòt fwa ankò back sou envitasyon lokatè Palè Nasyonal la sou evantyèl rankont ak Chèf Deta a kit e pare pou fèt demen Vandredi 27 Desanm 2019 lan.

Rezon ke sinyatè konsensyèl yo evoke se:

A. Nou estime gen anòmali nan fòm sou fason envitasyon Palè Nasyonal la te adrese a Mesye Rosemond Pradel ki pa reyèlman moun ki repwezante komisyon mete an nèv konsansis Marriott la alòske adrès elektwonik lan te ale jwenn Direktè Kabinè Pwezidan an….

B. Nou konsidere ke dènye deklarasyon orajez e menasant Pwesidan an fè pou arive koupe omwens 3 nan 7 tèt ki kapab antrave bon jan pwogrè grese sere peyi a montre klè kon klèròz ke Mesye Jovenel Moise plis ap chofe jarèt pou konfwontasyon ke pou dyalòg.

C. Nan tout sikonstans, komisyon mete an nèv Konsansis Marriott la ap travay avèk tout moun ki rekonèt ke deplwatonaj kriz politik la dwe pase nan demisyon Jovenel Moise ansanm ak mete kanpe yon tranzisyon riptu, mete soupye Pwosè Petwo Karibe (PPK) a, ak òganizasyon Konferans Nasyonal Ayisyènn Souverènn nan yon manyè pou nou batize yon nouvo pwojè pou sosyete a. Batay la ap kontinye!

André Michel, Pòt Pawòl Sèktè Demokratik Popilè a.

Share:

Leave a reply