Peyi Iran lanse divès balistik misil kont 2 baz militè ameriken

Apwè ke fwap dwònn ameriken an ki te arive asasine gwo Jeneral iranyen an, Qassem Soleimani Vandredi ki te 3 Janvye 2020 an, Iran, jan ke li te pwomèt li lanse jodi Mèkredi 7 Janvye a 2020 an divès balistik misil kont 2 baz militè ameriken ki nan Irak.
Konsa, Iran ki te pwomèt “bat chyen an tann mèt li,” riposte atravè non selman yon seri pwopagann men sitou pwotestasyon popilè ki temwanye anplè ostilite amerikènn kap vale teren sou tèritwa Irak la, devwale yon sitiyasyon destabilite rejyonal ak yon gè san mesi ant Etazini ak peyi Iran.

Moun te kapab konstate kèk avyon militè tap vole nan syèl Bagdad la kèk tan apwè fwap misil iranyen yo kont baz Ain al-Assad ak Erbil dapwè responsab pentagon yo kap evalye yon repons apwopwiye osijè atak la.
Tandiske nan yon twit ke li mete deyò, Donald Trump deklare ke “tout bagay ok!” Misil lanse depi peyi Iran sou baz yo ki nan Irak. Evalyasyon dega ak domaj kòmanse koulya. Jiska pwezan tout bagay sou kontwòl! Nou gen zam ki pi pwisan e militè ki pi byen ekipe nan nenpòt kwen nan monn lan jiska pwezan! Map gen poum soti yon nòt demen maten.






