Gwoup gang pwan kontwòl 3 èm Sikonskripsyon Pòtopwens lan

Pòtopwens___(TRiboLAND) Kolònn gwoup gang ki mete sekirite piblik peyi a ajenou e ki achte twazyèm sikonskripsyon Pòtopwens lan lajan kontan sanble se tout bon vre yap vale teren nan objektif pou repouse enstitisyon piblik yo e mete anba kontwòl yo plis tèritwa.
Pou plis pase twa jou, gwoup gang malfwa ame ogmante anpil van panik ak lanmò nan zònn Bisantnè, Matissant e patikilyèman Sid kapital la. Yè Madi a, mesye yo ki mete kò sekirite piblik peyi a an defi depi pwèske 2 lane, elaji fwa sa zèl yo pou yo akapare tout kapital la anba kontwòl yo, mande jij, avoka, isye, ou pèsonèl Palè Jistis Pòtopwens la pou bay zònn nan blanch nan inèd tan. Konsa, moun te sezi wè kòman tout mount e oblije chape poul yo.
Gwoup gang pat sèlman fèmen aktivite yo nan Palè Jistis la; yo te egalman bay gwo panic ak gwo kout zam nan perimèt Palman an, e apwè ki okazyone divès machann leve kouri antre anndan enstitisyon sa tou ki deja ap mal fonksyone. Li evidan pou moun kwè ke pwochen etap gwoup gang yo ki deja genyen anpil zònn anba men yo se va Palè Nasyonal peyi a.






