Arestasyon Senatè Kédlaire Augustin kòm pwezime kinadpè

143
0
Share:
TRiboLAND

Pòtopwens___(TRiboLAND) Arestasyon Senatè Nòdwès la, Kédlaire Augustin nan apwe midi Jedi 12 Mas 2020 nan Delma 75 nan Komenn Delma. Senatè an fonksyon an te genyen avèk li yon yon lòt endividi nan moman Lapolis Delma te kanpe machenn li.

Senatè Augustin, selon kèk medya nan kapital la fè eta de enplikasyon elu Nodwès la kòm pwezime kidnapè. Mesye Augustin ki te anba anpil doulè tap klarifye ta deklare bay yon radyo nan kapital la ke yo ta fwape l, minote l, bwitalize l e kondwi li nan Komisarya Delma 33 pou fòmalite legal.

Selon Senatè Nòdwès la ki te oblije pran wout lopital apwè ke chèf pòs la te fè li eskiz e libere l; se yon dram e se yon veritab tantativ asasina, dapwè Senatè a.

Share:

Leave a reply