200 ayisyen sou dis ti bato arete sou zile Tucks and Caicos

Grann Turck____(TRiboLAND) Plis pase 200 resòtisan ayisyen jwenn arestasyon yo yè Samdi 4 Avwil 2020 sou lil Tuck and Caicos. Konpatriyòt sa yo ki te abò yon dizènn ti batiman te soti nan zònn solèy leve peyi Dayiti, patikilyèman nan komenn Obòyn.
Selon otorite ki regle kesyon sekirite tèritwa maritime Tucks and Caicos, plis pase 200 ayisyen jwenn arestasyon yo pandan ke yo tap tante antre anba chal sou zile a abò 10 ti batiman po pistach.
Toujou dapwè otorite Gad Kòt Turcks and Caicos yo, genyen senk pami moun sa yo ki kraze rak alòske rès yo anba kòd pou swit legal selon lwa imigrasyon zile a.






