Vag vyolans yo ap vale teren nan Senlwi Dinò: yon krèy moun mouri e plis pase yon douzèn kay boule

Gedon, Senlwi Dinò____(TRiboLAND) 5 moun pèdii lavi yo , yon dizèn kay boule rapyetè, san konte kantite moun ki kouri kite kay yo; se bilan zak vyolans bandi ak zàm komèt nan lokalite Gedon ki twouve l nan 6e seksyon Senlwi Dinò, selon prezidan komisyon kominal la, Msye Gaston Estimable.
Prezidan komisyon an lonje dwàt jouda sou 2 gwo Alatèt chèf gang : Eric Prospère ansanm ak Levelt li di ki pa sispann simen dèy nan mitan popilasyon a.
Nap raple, sa pa gen lontan bandi ak zàm te rantre lakay pastè Henry Dolciné nan Senlwi kote yo pote ale tout sa yo te jwenn epi vyole yon ti fi ki gen 16 lane.
Saint Jean Wiskis






