Businessman Michel Saieh mouri krible anba bàl bandi moto ki pa idantifyàb

Pòtoprens ____(TRiboLAND) Propriyetè “Piyay Makèt” ki table kò li anba Lalu, Pòtprens, Michel Saieh 84 lane, asasine anba gwo kout zàm endividi yo pa arive idantifye pandan mitan jounen jedi 27 out 2020 an.
Selon responsab PNH yo, se yon seri bandi malfwa ki pa idantifyàb ki tap sikile sou moto ki ouvwi zàm sou machin ki te pote businessman byen koni an, daprè esplikasyon pòtpawòl adjwen PNH la, Gary Desrosiers.
Se yon verib panik nan mitan yon pakèt rele amwey! Selon yon seri sous kredib, Mesye Saieh mouri san bat, alòske ta sanble chofè li ak madanm li ki te abò veyikil la blese tèt nèg e transpòte san pèdi tan lopital.






