REFANO selebre 20e lane egzistans li nan Nòdwès

105
0
Share:
TRiboLAND

10\29\20

Pòdpè_____(TRiboLAND) Se jounen jedi 29 oktòb 2020 an, ane saa, Rezo Fanm Aktiv Nòdwès deside selebre 20e lane egzistans yo akòz Me Anèz Fertil Jean, yon pilye nan mitan yo, kap fete anivèsèl.

20 oktòb 2000 – 20 oktòb 2020 safè egzakteman 20 lane depi REFANO evre l nan konba kont vyolans sou fanm nan depatman nòdwès la,notaman nan vil Pòdpè.

Nan sikonstans saa, yon seremoni ekaristi te rive dewoule nan pawas senlwi Mari Monfò, nan vil Pòdpè, an prezans chèf pakè Pòdpè a, Me Jean Volney Bellamin, vis delege awondisman Pòdpè a, Renard Jean Rivière, reprezantan PNH la, batonye lòd avoka yo, Me Dumelse ak divès lòt asosyasyon fanm tankou: FRENO, CEFANO e latriye.


Pè selebran an, Rebert Beldorin, kite pran lapawòl nan sikonstans la, ankouraje medam REFANO yo, kontinye goumen, pou bay fi yo lavi nan sosyete a, menm jan Jezi Kris li menm te bay la vil pou nou.

Yon lòt bò, Me Fertil Marie Annaise Jean, ki li menm te resevwa manda nan men kòdonatris la, madam Ann Reina Cynthia Jean, deklare malgre yo pa jwenn èd finansye nan men okenn enstans ni ONG, sa pa anpeche yo genyen yon bilan pozitif,nan domèn sante, edikasyon e latriye.

Me Annaise, kontinye pou l drese bilan REFANO, kote l soulinye, yo travay nan domèn sante, kote yo soulinye èd yo nan Lopital Beraka Lapwent ak Imakile Konsepsyon.

Akonpanye òfelen ak òfelin, peye lekòl pou plis pase 500 timoun nan diferan nivo, distribisyon ki eskolè, distribisyon bous etid primè, segondè ak inivèsitè, konstriksyon MUSO e plis yon sant enfòmatik pou jèn yo aprann, distribisyon semans ak zouti pou travayè yo …

Antouka, pou Fertil Marie Annaise Jean, objektif yo nan REFANO, se rive goumen pi plis pou rive diminye vyolans kont fanm ak fiy nan depatman Nòdwès la.

Genson HYPPOLITE,gensonhyppolite@8gmail.com

Share: