Okay / Dram : Kema Jules asasinen madanm li ak plizyè kout kouto

05 – 20 – 2024
Kay, Ayiti _____(TRiboLAND) Kema Jules se non yon endividi ki touye madanm li, Mondesir Sofia, 32 lane ak anviwon 7 kout kouto nan lannwit 19 me 2024, nan zòn Chanpantye ki trouve-l Okay.

Lapolis ak Lajistis pat pran tan pou mete men sou prezime asasen an, daprè kèk manm nan popilasyon an, se ta yon sakrifis Kema fè ak madanm li aprè li fin fè yon gwo magogo nan bòlèt.
Kema Jules ak Sofia Mondesir gen 4 pitit ansanm. Nan moman arestasyon an, popilasyon fè divès presyon pou yo pran Kema nan men Lapolis pou ba li bwa kale, fòs lòd yo pat bay posiblite a.





