Batonye lòd avoka yo nan Pòdpè anonse divès seminè fòmasyon pou avoka yo.

111
0
Share:
TRiboLAND

10\30\20

Pòdpè_____(TRiboLAND) Pou batonye lòd avoka yo nan Pòdpè, Me Dumesle aji nan kontinyite ansyen kòlèg li an, Me Job Louis, se yonn nan eleman esansyèl pou li.



Konstriksyon lokal bawo a, ak anvizaje yon sistèm wifi pou kòlèg avoka yo, se te yonn nan pwen fò administrasyon pase a, ke l konte materyalize sou administrasyon pa l la.

Konsa, menm jan sa te prevwa nan pwomès kanpay li, yon seri kòkennchenn seyans fòmasyon konte òganize yon mannyè pou chanje vizaj pwofesyon an.

Fòmasyon sa yo konte dewoule nan domèn sa yo tankou: etik ak dewontolojik, pwotokòl ak fransè jiridik.

Pou Me Dumelse, enpòtans fransè jiridik la, se jis pou konble lakin avoka yo, yon mannyè lè yon avoka pran lapawòl pou tout moun wè ke l fè otorite nan domèn nan.

Genson HYPPOLITE, gensonhyppolite@8gmail.com

Share: