Lidè Pitit Desalin nan, Moise Jean Charles pran direksyon Venezwela nan kad obsèvasyon eleksyon lejislatif yo

12\05\20
Pòtoprens____(TriboLAND) Lidè Pati politik Pitit Desalin nan, ansyen senatè Moise Jean Charles antre pandan weekend nan nan peyi Venezwela nan kàd envitasyon pou obsèvasyon eleksyon lejislatif yo kap pran chè demen dimanch 6 desanm 2020 an.
Lidè a ki eksprime sou kont facebook li kontantman li pou yon parèy envitasyon pat kache montre kredibilite ke li fè sistèm elektoral peyi Simon Bolivar a. Moise ki ta sanble vle montre ke se yon gwo tonton privilèj, santi li fyè pou li kalifye pami yon seri pèsonaj enpòtan ki triye pou obsèvasyon eleksyon yo nan peyi Venezwela.
Lidè a profite pou li di ke li ta swete wè ke peyi Dayiti aprann anpil leson nan sistèm elektoral venezwela a.






