Venezwelyen kap viv nan Repiblik Dominikènn ap sibi zak vyolans

104
0
Share:
TRiboLAND

Sen Domeng__(TRiboLAND) Venezwelyen kap viv anndan Repiblik Dominikènn kontinye tanzantan ap envòlv nan fiziyad. Youn nan ka ki pi resan, se ensidan ki rive ak yon koup marye etranje ki blese, sa gen 4 mwa depi key o te antre nan peyi-a.

Malgre ke poko gen anyen ki jistifye atak la, sepandan dapwè Polis Nasyonal peyi panyòl la, zak sa ta sanble tèt koupe ak yon revanj kont Carlos Jesus Vizcaino Fernandez pwiske te genyen nan moman zatrap la plis pase 16 katouch ki te tire.

Antouka, Vizcaino Fernandez ki genyen 29 lane ak tout madanm li Laura Maria Vasquez Valeri te krible anba bal alòske yo tap kondwi sou otowout 27 sou Avni Fevwiye-a, ayè Mèkredi-a nan apwè midi. Viktim sa yo ki te transpòte nan yon sant sante nan distrik nasyonal la te anba gwo siveyans lapolis.

Share:

Leave a reply