Kanaval nasyonal ki konte òganize nan Pòdpè a, riske tounen kanaval “Les amis de Jovenel”

01/25/21
Pòdpè_____(TRiboLAND) Gwoup “Les amis de Jovenel, ki anba zye yon pakèt moun se pitit lejitim pouvwa PHTK a nan Pòdpè, t’a soti pou fè kanaval nasyonal la pase kòm yon anbyans lokal, pyèt, san pwotokòl ak kòdinasyon ki deja denonse yon defayans nan nivo planifikasyon ak konpetans antèm savoir faire.
Enfòmasyon ke TRiboLAND arive jwen fè eta de tout yon seri malèz ki manifeste anvè komite planifikasyon an ki konplètman fòme ak ti zanmi ou patizan Jovenel Moise ki deja afiche yon mal makak onivo preparasyon, kominikasyon piblik, absans de maskòt kanaval la, karans pouvwa konvokasyon pou mobilize yon seri gwo asosyasyon, resous, patnè piblik ou pwive san nou pa bliye lòt kesyon ki gen pou wè avèk modalite ak mwayen lojistik.

Pou kèk antite ki deja pran sant echèk, estime ke mesye dàm swa dizan “Les amis de Jovenel” yo, ki chaje pou òganize yon parèy kanaval pa reyini konpetans adekwàt pou yon parèy inisyativ. “Se pa paske ou se zanmi oubyen fanmiy prezidan an, pou oblije fè pati nan yon bagay ki egzije anpil konpetans eksperimantal”, daprè sa yon sitwayen kap viv nan site Kapwà Lamò deklare.
Lòt antite eksprime preokipasyon yo pou gro risk ke prezidan an pran, lòske li lage yon kanaval nasyonal nan men yon ti “group zanmi ak fanmiy ” e lage plis pase 33 milyon goud sou lobedyans kèk moun ki pa genyen oken eksperyans nan domèn ÒGANIZASYON KANAVAL NASYONAL; oubyen ki pa fè prèv sajès nan fasilite pito konpetans adekwàt asure yon pi bon preparasyon ou reyisit kanavalès yon fason pou Nòdwès ka yon ti jan byen pase!
Sa ki pi rèd, ministè planifikasyon pa menm konnen sa komite sa ap regle e Delege depatmantal la pa menm okouran de sa kap fèt nan pwòp depatman ki sou kontwòl li a.






