Me ki sa TRiboLAND konnen de yon seri latriye travay kap fèt nan Nòdwès

01/25/21
- Se yon veritab chantye san parèy nan Nòdwès, ki pa janm egziste sou tèritwà nasyonal la.
- Travay enfwastrikti tout kalite pa sispann miltipliye, patikilyèman nan vil Pòdpè.
- Yon izin elektrik deja ap chofe jarèt pou alimante plizyè komin nan depatman an.
- Travay enfwastrikti woutyè nan ba Nòwès ki pa gen lontan depi yo kòmanse, deja ap bay peyizan yo espwà.
- Twonson wout Kafou Jòf – Pòdpè pa sispan atire kiyozite.
- Kanaval ou pa, gouvènman an ap fè bwàs lajounen ak lanwit san kanpe travay yo nan Nòdwès.
- Yon bato chaje ak poto elektrik gran kola ap dechajenan moman sa nan site Kapwà Lamò a yon fason pou fasilite aterisaj kouran 24/24 la nan diferan vil nan Nòdwès.
- Konstriksyon Lopital OFATMA ap vanse ak gro boulin nan Lasalin.
- Sondaj yo ta montre majorite sitwayen nan depatman Nòdwès la ta sanble yo prè pou yo ta bay demach renovasyon Jovenel Moise yo benediksyon nan Nòdwès.
- Teknisyen Televizyon Nasyonal ap trese lèl pou fasilite depatman an benefisye difuzyon program televise yo pou premye fwa.







