2 milyon dola ameriken ranson pou kidnapping 2 dominiken ak yon ayisyen

103
0
Share:
TRiboLAND

02/21/21

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Endistri kidnapping mete lapat e sekestre 2 dominiken ak yon ayisyen samdi swa 20 fevriye 2021 a nan moman yo t’ap antre nan sid kapital la aprè ke yo t’ap efektye yon toune nan sid peyi a, Jakmèl.

Daprè ajans près Efe, 2 machin lapolis te esk`ote machin viktim ki te chaje avèk ekipman sinematografik. Krim nan fèt nan zòn 5èm avni Bòlòs nan antre sid Pòtopwens.

Ayisyen ki te akonpanye 2 sitwayen sa yo t’ap sèvi yo entèprèt. Mesye yo ki se teknisyen nan sinematografi pou group Muska, yon konpayi pwodiksyon sinema.

Kidnapè sangwen yo te ale avèk yon pakèt ekipman koute chè e mande kòm ranson 2 milyon dola ameriken pou liberasyon viktim yo ki te fè pati yon ekip pwodiksyon tounaj, daprè près lokal ayisyen.

Share: