3 pwezime kriminèl jwen arestasyon yo nan Florid nan kàd founi zàm bay gwoup gang “400 Mawozo” nan peyi Dayiti

107
0
Share:
TRiboLAND

11/11/2021 mizajou

Wachennton_____(TRiboLAND) Federal Bureau of Investigation (FBI) depoze yon plent nan yon tribinal nan Wachennton nan peyi Etazini kont 3 sispèk raketè ki nan konplotaj ak kontrebann zàm e minisyon ilegal bay gwoup gang “400 Mawozo” nan peyi Dayiti.

Sispèk yo ki se rezidan nan Florid, pran yon malen plezi pran kòmand zàm gang “400 Mawozo” e ravitaye nan diferan rejyon nan Eta Florid la pou achte pistolè, fizi Barrett semi otomatik pou snipper, fizi daso, san konte yon pakèt minisyon, dapwè FBI ki tap depoze pou sispèk yo ki banbile nan trafik zàm e kache yo nan yon seri drum ràd pèpè e espedye yo avèk sipò yon seri konplis e ak fo dokiman.

Twà pwezume koupab yo ap viv nan Florid. Yo se: Walder Saint Louis (ayisyen), Jocelyn Dor (ayisyen) ak yon amerikèn ki pote non Eilliane Tunis. Selon yon mesaj sou WhatsApp, youn nan sispèk yo se manm gwoup “400 Mawozo”.

Share: