Liberasyon Me Abdias Édumé jwen liberasyon li aprè ranson

02/25/21
Pòtoprens_____(TRiboLAND) Abdias Édumé, avoka ou pwofesè inivèsitè ke bandi sangwen te arive kidnape ki genyen plis pase 8 jou, arive jwen liberasyon li devanjou maten jedi 25 fevriye 2021 an.
Aprè anpil konstènasyon nan Tigwav, pwotestasyon ak nòt kondanasyon kò pwofesora ak etidyan inivèsite yo ki te abitye benefisye kou sou dwa anviwonnman ak juridik, Mèt Édumé jwen liberasyon yo aprè anpil bwàs nan negosyasyon ak sangwen yo, kit e deside finalman al lage viktim nan dèyè simetyè Pòtopwens vè 1:00 nan maten nan yon sitiyasyon sante deplorab, daprè yon sous ki pwòch bò kote fanmiy li.
Nap raple, Me Édumé te gen 44 lane; li te viktim yon anlèvman men ame nan Delma 19, mèkredi 17 fevriye 2021.






