Madanm Sison ap kloture misyon li nan peyi Dayiti

108
0
Share:
TRiboLAND

04/16/2021

Pòtoprens______(TRiboLAND) Anbasadè peyi Etazini an ki se yon pèsonaj kontwovèse nan kriz politik peyi Dayiti a, Madanm Michèle Sison ap konte jou pou retounen nan peyi Tonton Sam nan.

Sison ki te fè pati yon lis kandida ke nouvo administrasyon Joe Biden nan te konte nome nan yon parèy pòs diplomatik, pràl avan lontan okupe yon pòs Sekretè Deta adjwen nan òganizasyon entènasyonal yo.

Diplomat la ki bay pouvwa defakto Jovenel Moise la anpil jarèt san gade dèyè, te okipe pòs anbasadè peyi Etazini an Ayiti, 12 fevriye 2018.

Share: