Nòdwès: Otorite yo rive enstale yon nouvèl direktris depatmantal SNGRS

05/07/2021
Pòdpè______(TRiboLAND) Se jounen vandredi 7 me 2021 an, otorite yo nan nòdwès rive pwosede ak enstalasyon yon nouvèl direktris depatmantal SNGRS nan nòdwès, madam Middlie Arnold Eugène.
Nan kàd seremoni saa, divès pèsonalite te rive prezan tankou: direktè jeneral SNGRS la Jean-Rony Delciné, delege depatmantal la msye Sony Dodoille, komisè gouvènman an mèt Jean Volney Belamen san konte divès lòt pèsonalite kite rive prezan nan yon parèy enstalasyon.
Direktè jeneral la nan sikonstans saa, montre volonte enstitisyon lap dirije a genyen pou jere kesyon fatra a, nan tout dis depatman jewografik peyi a. Konsa, li soulinye ke problèm fatra a ak povwete se de flewo majè peyi a ap konfwonte.
Pou delege depatmantal la, volonte pou enstale nouvèl direktris depatmantal SNGRS la sòti nan detèminasyon premye dàm nan Martine Moïse genyen pou kenbe eskanp figi nòdwès notaman vil pòdpè djanm nan kesyon jesyon fatra. Sepandan, delege a kontinye poul di,prezans nouvèl direktris depatmantal SNGRS la pa la,pou ranplase lamèri nan kàd jesyon fatra.
Nouvèl direktris SNGRS branch nòdwès la, bò kote pa l, solisite èd chak grenn sitwayen, asosyasyon, ak enstitisyon lokal yo tankou: la mèri, travo piblik branch nòdwès yon mannyè pou rive kenbe eskanp figi depatman nòdwès la, notaman vil pòdpè pwòp.

Yon lòt bò, li pwomèt nan kàd pasaj li nan tèt antite sila nan depatman nòdwès la, lap fè tout sak depann de li menm pou chanje vizaj vil sila nan kesyon fatra kap badijonnen nan vizaj moun pòdpè pasi pala.
Konsa,komisè gouvènman pakè pòdpè a, msye Jan Vòlney Belamen, mande ak nouvèl direktris la, trake fatra nan vil pòdpè menm jan li menm ap trake bandi andedan depatman saa.
Antouka, pou direktè jeneral la, malgre bagay yo pa fasil nan bwat lap jere a, sapa anpeche li menm pwomèt nouvèl direktris la madam Middlie Arnold Eugène, bon travay!
Genson Hyppolite






