Vil Pòdpè plonje anba dlo e ap mande bon najè

06/01/2021
Pòdpè______(TRiboLAND) Gwo lapli kap tonbe depatman Nòdwès, pli presizeman nan vil Pòdpè lage gwo pèlas nan kò popilasyon an ki pa konnen ki sen pou li rele. Zòn Latandri, Nan Kasav, Site Makso, nan Djerilon, Nan Palan, Grigri, Nan Dewoulen ak Chan avyasyon to tout ap mande bon najè nan moman ke n’ap redije tèk atik la nan apwemidi madi pwemye jwen 2021 an.

Se yon sitiyasyon entenàb pou moun sikile poun pa di machin ak moto siklèt ki pa sispann etèn nan Lavalas ki anvayi tout site Kapwà Lamò a.
Nap soulinye, fatra ak tout kalite salte fè yon sèl nan yon parèy inondasyon ki mete an defi yon seri travay enfwastrikti ou kanalizasyon Jovenel Moise yo.






