Direktè depatmantal Imigrasyon branch Nòdwès la bay yon kolaboratè Epnews TV plizyè tak tomak devan biwo imigrasyon an.

06 – 25 – 2024
Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Wadsen Sénat, se non yon kolaboratè Epnews TV ki resevwa plizyè tak tomak anba men direktè depatmantal Imigrasyon branch Nòdwès la jounen madi 25 jen 2024 la nan vil Pòdpè.
Dapwè esplikasyon jounalis Enfandieu founi sou kont ofisyèl li, kolaboratè medya anliy Epnews lan Wadsen Sénat, ta va resevwa pataswèl sa yo, se pandan li te kanpe devan biwo imigrasyon an.
Pou Enfandieu kise PDG medya anliy Epnews TV, dosye a pral fè chimen li jan Manman Lwa peyi a ak kòd Penal la prevwa sa.






