Ofisyèl Etazini yo deklare ke yo pap voye fòs militè yo nan peyi Dayiti

07/10/2021
Wachennton_______(TRiboLAND) Administrasyon Joe Biden nan deklare ke Etazini pap voye troup li yo nan peyi Dayiti pou ede estabilize peyi a apw`e asasinay pwezidan defakto a, Jovenel Moise, sepandan ofisyèl sekirite yo ap fè deplasman yon fason pou ale founi je gade sitiyasyon an, dapwè yon Gran Toryan administrasyon Biden nan.
Nan yon demann pou troup ameriken deplwaye sou tèritwà nasyonal la ke Claude Joseph, pwemye minis a.i. a te fè bò kote otorite ameriken yo, administrasyon Biden nan rejte jodi samdi 10 jwè a yon parèy demann. Ofisyèl yo deklare ke yo pa genyen oken plan pou voye asistans militè nan peyi Dayiti.
Demen dimanch 11 jwiyè a, responsab Federal Bureau of Investigation and Department of Homeland Security ap rantre nan peyi Dayiti apwè konsiltasyon administrasyon Biden avèk ofisyèl ayisyen yo ansanm ak patnè entènasyonal yo, toujou dapwè otorite amerikèn yo.
Kritik yo estime ke sa pa yon supriz lè ou konprann ke Biden òdone retrè masiv troup ameriken yon nan Afghanistan. “Pwezidan Joe Biden fè li klè pou tout moun ke li pa nan biznis pou ke Etazini ap mache konstwi peyi”, dapwè Michael Shifter ki se alatèt Inter-American Dialogue nan Washington, e ki menm deklare ke: “voye troup ameriken nan peyi Dayiti pa yon bon lide oubyen politikman fezàb”.

Pou lòt kritik, yo pa etone ditou de yon parèy pozisyon bò kote administrasyon Biden nan. Se yon pozisyon ki pa depaman ak sa li te pwan nan lane 1994 kòm senatè nan moman kriz politik nan peyi Bosnia e nan peyi Dayiti. Joe Biden te deklare ke li pa gen pou okipe li de Ayiti; ke Ayiti efondre dousman nan Karaib la; ke Ayiti monte 300 pye anlè, sa pa regade Etazini. Joe Biden In 1994: If Haiti Fell In The Sea, ‘It Wouldn’t Matter A Whole Lot’ – YouTube
Konsa, se yon bon opotunite pou dirijan ayisyen yo ranmase karaktè yo menm jan anpil lòt nasyon tankou Rwanda e Repiblik Dominikèn ki asèpte pran angajman pou pran desten yo an men. Kidonk, sa ap pèmèt dirijan gwo nasyon sa leve dignite Ayiti an granmoun yon fason pou yon seri peyi-katye nan Karaib la sispase pase Ayiti anba pye!






