Ansyen senatè Steven Benoit ak Youri Latortue reponn kesyon komisè gouvènman Pòtopwens la nan kàd dosye asasinay Jovenel Moise la

07/12/2021
Pòtopwens______(TRiboLAND) Pou reponn ak envitasyon komisè gouvènman Pòtopwens lan, Steven Benoit ak Youri Latortue fè ak pwezans nan pakè a jodi lendi 12 jwiyè 2021 an. Sepandan, 2 lòt antite kit e egalman envite pat arive fè santi pwezans yo; se ka pou Pierre Réginald Boulos ak Dimitri Vorbes, 2 antreprenè ki ta sanble trouve yo nan peyi lòt bò dlo.
Yon gwoup moun san parèy te mase devan lokal pakè a, ki trouve sou Bisantnè pou pote supò yo bay senate yo. Nan kàd zak asasinay ki fèt sou pwezidan defakto Jovenel Moise 7 jwiyè dènye, komisè gouvènman Pòtopwens lan, Bedford Claude odisyone ansyen senate Steven Benoit ak Youri latortue.
Manifestan yo te pwofite bwile kawoutchou ak erije barikàd anflame pou denonse selon yon menm yon vye demach ki tèt koupe ak pèsekisyon politik kont lidè politik yo. Dapwè manifestan yo, ajan inite espesyàlize ki te responsabilize sekirite pwezidan Jovenel Moise ta dwe pwemye antiti pou yo odisyone avan tout lòt konsène.
Alòske nan Gonaiv se menm kàd figi a, kote ke gwo manifestasyon pou pote supò bay Youri Latortue, lidè AAA. Anpil vyolans nan moman pwotestasyon yo pat rete inapèsi. Kout zam te chante nan Raboto e komès la te konplètman paralize.






