Gabriel Fortuné, ansyen senatè repiblik la trape anba dekonm swit ak aktivite sismik nan Okay

96
0
Share:
TRiboLAND

Okay______(TRiboLAND)  “Le Manguier” yon otèl ki rele ansyen senatè Gabriel Fortune chèmèt, kraze plat atè apwè pasaj gwoudou gwoudou a nan Okay ak nan rès depatman peyi Dayiti jodi samdi 14 out 2021 an.

Anpil bwàs ap miltipliye pou  retwouve Mesye Fortuné ki twouve li anba dekonm otèl la, yon espas ke li te abite. Se yon sitiyasyon ki dejenere e ki make ak anpil panik leve kouri jeneralize. Anpil konstriksyon efondre, yon bon valè moun ta pèdi vi yo, alòske lopital yo deja ap fè fas ak pwoblèm lojistik, materyèl ak moun ki blese gravman grav.

Nap raple, aktivite sismik lan estime a 7,1 magnitid sou echèl Richter la, ki sekwe plizyè depatman nan peyi Dayiti, patikilyèman Okay ak Jeremi ki ta sanble ki pi touche!

Share: