Konbit pou Lapè ak Devlopman òganize yon atelye sou pwoblèm yo ak zòn ki antoure-l yo

09 – 11 – 2024
Pòtoprens, Ayiti _____(TRiboLAND) Vyolans gang nan peyia sisite yon gro migrasyon entèn, yon sitiyasyon pou prewokipe Konbit pou Lapè ak Devlopman (CPD) ki lanse inisyativ bwase lide pou gade pwoblèm moun sa yo ap fè fast ankou: vyolans seksyèl, moun ki pèdi dokiman, move tretman, grangou, mizè sou tout fòm se divès fòm pwoblèm moun yo ap andire.
Moun sa yo selon CPD, yo bezwen bonjan akonpayman ou sipò pou ede yo fè fas ak sitiyasyon vilnerab sila. Nan fason ke yo ap viv pèmèt yo vin gen lòt bagay tankou maladi sou tout fòm, sitiyasyon jèn fi yo ap viv fè yo lage nan pwostitisyon pou reponn ak yon seri ti bezwen debaz. Leta ak òganizasyon entènasyonal yo dwe jwe patisyon pa yo.
Anplis sipò moun yo ta dwe jwenn sou plas, Leta bezwen kreye mwayen pou pèmèt moun sa yo tounen viv lakay yo kòmsadwa. CPD fè apèl ak bayè defon pou pote soutyen, solidarite ak akonpayman ak moun sa yo ki vrèman nan gwo difikilte tout kalite.






