Yon ti avyon kraze toupwè egzekitif èpòt Houston nan nan Kontre Waller nan Texas madi a

10/19/2021
Houston, Texas_____(TRiboLAND) Nan yon kominike ki sou Facebook, jij Trey Duhon nan Kontre Duhon konfime aksidan an lòske li fè eta yon ti avyon ki tap trese lèl nan moman li tap eseye vole kite egzekitif èpòt Houton lan pou pran direksyon nò. Konsa, responsab yo deklare ke avyon an pat menm gentan pran altitid li nan dènye bout pis aterisaj la e finalman al kwàze nan yon wout.
Avyon an ki se yon MD-80, finalman al kanpe sou pis la e pran dife, dapwè sa Duyon poste.
Byen bone kèk enfòmasyon te endike ke tout 19 pasajè ak ekipaj la ki te abò avyon an te kouri soti sen e sof, alòske yon sèl pasajè te fwàtire nan do e al resevwà swen nan lopital”, selon Duyon.
Video bò kote plizyè media lokal tap difuze imaj ponpye ki tap demele yo pou arive etèn gwo flam dife ki tap soti nan ke avyon an.






