Onivo mondyàl, Ayiti klase kòm dènye peyi sou kesyon Etadedwà

10/19/2021
Wachennton_____(TRiboLAND) Ayiti trouve li dènye nan yon klasman mondyàl kòm dènye peyi sou kesyon etadedwà , dapwè yon rapò World Justice Projet, yon òganizasyon ki nan Wachennton, Etazini. Toma arive 139èm nan yon klas ki reyini 139 peyi onivo mondyàl.
An kontras, Repiblik Dominikèn plase an 94èm selon WJP ki konsidere apepwè 8 faktè ki kapab leve yon peyi nan liyn eta ki genyen lalwà tankou: pwezans jistis sivil ak penal, limit pouvwà gouvènmantal, dwà fondamantal, lòd ak sekirite, absans kòripsyon, regleman konfòm ak ouvèti gouvènmantal.






