Bonrepo: sis pwezume kidnapè pran nan ratyè lapolis

121
0
Share:
TRiboLAND

10/20/2021

Bonrepo_______(TRiboLAND) Yon patwouy UDMO nan tèt kole ak ajan polis nasyonal yo ki kantone nan Bonrepo, entèsepte maten mèkredi 20 oktòb 2021 an, sis endividi nan katye Rosembè 2.

Fòs lòd yo arive mete men sou pwezume asasen sa yo ki ta sanble enplike nan gwo ka kidnapping ak asosyasyon malfektè, si nou ta vle kwè yon nòt ke lapolis mete deyò sou Facebook.

Enfòmasyon yo fè eta klamè piblik ki ta lonje dwàt jouda sou pwezume bandi sangwen sa yo ki se manm yon gwoup gang ki genyen nan tèt li yon endividi ki rele Patrick. Yon parèy kout pwivye lapolis, pèmèt Clarens Moreau 18 lane, Peter Cangé 22 lane, Bellevue Jean Renel 36 lane, Fredlin Jean Baptiste 24 lane ak Jean Yves Destiné 28 lane pran nan ratyè.

Share: