SDP bay Ariel Henry yon iltimatòm pou mete sou pye yon gouvènman konsansyèl avan pwemye novanm

10/20/2021
Pòtopwens______(TRiboLAND) Gwo chabwàk Secteur Démocratique et Populaire (SDP) a, nan yon konferans key o bay jodi mèkredi 20 oktòb 2021 an bay Ariel Henry, Pwemye minis peyi a yon iltimatòm pou fòme yon gouvènman konsansyèl avan pwemye novanm ki se tradisyonèlman se fèt Guede.
Non konferans pou lapwes sa, teknisyen rapòtè pou SDP a, avoka André Michel, Marjorie Michel ak Nenel Cassy e latriye ke anpil kritik rele “Martelly Melanje” (akòz kazak ke yo chanje nan bay gouvènman Ariel la benediksyon), menase pou reprann lari Pòtopwens si tout fwà Henry pa mete sou pye yon gouvènman lajman laj ak tout kalite poulen.
SDP, nan moman konferans pou lapwès la te tou pwofite fè wont sèvi kòlè pandan yo trete “ipokrip” yon seri Gran Toryan nan opozisyon an ki te kalifye yo kòm konze agranman ki deside danse kole ak PHTK.
Gwo kesyon anpil kritik ap poze, eske agranman sa yo toujou gen jèvwen pou kontinye mete moun deyò?






