Ayiti-ensekirite: Jistis pou ansyen prezidan Jovenel Moïse anba dlo

11/07/2021
Pòdpè_____(TRiboLAND) Jodia fè 4 mwa depi pwezidan Jovenel Moïse te asasinen lakay li; 4 mwa depi yon gwoup endividi mèsenè etranje kite ame jouk nan dan retire lavil sou bout tè papa nasyon an.
Senpatizan ak alye ansyen chèf leta pat rete endiferan e pat mete dlo nan bouch yo kont tout moun ki fè zak sa, e lanse plizyè mach kote ke yo tap voye anpil pawòl pikan bouk kont tout sispèk.

Ankèt sou zak malonèt sou ansyen chèf leta a se yon kas tèt pou anpil moun nan sosyete a. DCPJ ki se direksyon santral polis jidisyè ki t ap ankete pa janm bay rezilta li sou asasina ansyen lokatè pale nasyonal la.

Moun yo pa rive identifye kase biwo jij la nan potoprens e pote ale anpil eleman nan dosye defen an.
*Garry Aurélien* ki se jij k ap enstwi sou dosye a deja fouke e mete anba kod plizyè endividi nan kad ankèt lanmò sila
Pi gwo enkyetid ak laperèz k’ap ravaje pèp ayisyen an nan kad dosye sa, se kilè e kòman peyi a ap konnen vrè koupab yo?
Louis Jameson






