Chèf gang Izo relache e bay yon ajan PNH ki te kidnape “benediksyon lagras, liberasyon, ak lajan”

85
0
Share:
TRiboLAND

11/11/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Polisye Urgens Céliné ke bandi sangwen te kidnape pami yon latriye pasajè abò yon otobis transpò piblik ki asure trajè Okay – Pòtopwens, jwen liberasyon anba kòmandman gwo chèf bandi Village de Dieu, Izo.

Nan yon video kap fè laviwonn dede rezo sosyàl yo, chèf bandi sangwen Izo fè polisye Céliné gras e menm arive. Ajan PNH la ki se kouzen jounalis senyò Radio Télé Caraïbes, Roberde Céliné alyàs “Bob C”, pat janm antre lakay li apwè “benediksyon lagras” chèf Izo a; yon sitiyasyon ki te toujou mete nan enkyetid fanmiy ajan PNH la.

Sepandan, Céliné ta pwàl konfime ke liberasyon li te toujou nan pasaj lòske li te oblije rele Bob C sou Radio Caraibes maten jedi 11 novanm 2021, pou esplike pwudans bò kote bandi yo ki pat vle relache li pandan lanwit la pou rezon sekirite.

Ki donk, annatandan viktim nan pran wout lakay li, nou vle raple ke polisye Urgens Céliné te kidnape mèkredi 10 novanm 2021 an ansanm ak yon gwoup moun ki toujou anba men ravisè yo ki mande yon katafal lajan kòm ranson. Kontrèman ak polisye a ki benefisye yon kado 50 mil goud (pou transpòtasyon) bò kote gwo tonton chèf gang Izo.

Share: