Pwofesè kontinye ap fè grèv pandan ke elèv yo pran lari pou yo nan Fòlibète

100
0
Share:
TRiboLAND

06-01-2023

Fòlibète, Ayiti _____(TRiboLAND) Aktivite yo toujou paralize nan lekòl yo nan chèflye depatman Nòdès la, malgre responsab edikasyon yo mande trèv. Jounen jedi premye jwen 2023 elèv nan divès lekòl foule beton an pou egzije prezans pwofesè nan sal klas yo.

Mouvman pwotestasyon ekolye yo ki te kòmanse depi madi 30, e yo ap rapousiv jiskaske yo jwenn profesè, daprè sa kèk elèv deklare. Yo te anviwon yon santèn elèv avèk liv nan men yo e ap mache nan lari Fòlibète byen bonè maten an.

Elèv yo ki te jwenn akonpayman kèk pwofesè sou pakou yo, tap lanse anpil move pawòl piman bouk kont gouvènman an. Yo tap repete si yo nan lari a se paske yo pa gen pwofesè.

“Nou bezwen kou, nou pa ka kenbe ankò, Leta di yon mo atò”, pou n site kèk pawòl pwotestatè yo.

Share: