Anbasad Peyi Etazini anonse kel pral remèt 108.000 dòz vaksen bay responsab sante nan peyi dayiti.

90
0
Share:
TRiboLAND

Par John Jean Jacques

Pòtopwens______(TRiboLAND) Mwa jiyè pase a te make premyè faz distribisyon dòz vaksen pou konbat kowona viris la nan peyi Dayiti, anviwon 500.000 vaksen (Moderna) ta pral remèt a responsab sante nan peyi a. Anbasad peyi Etazini an Ayiti anonse dimanch 19 desanm 2021 an ke li pral remèt 108.000 dòz vaksen bay MSPP.

Nan kad batay kap mennen pou konbat kowona viris la, Anbasad Etazini an Ayiti fè konnen ke yo pral remèt bay Ministè Sante piplik 108.000 dòz vaksen “Johnson & Johnson”, yon demach ki makònen ak pwogram “Covax” la.

Anbasad la bat bwavo ak kontantman pou yon kolaborasyon sensè ant 2 peyi yo nan mete tèt ansanm pou goumen kont pandemi kovid-19 la.

Share: