Direksyon depatmantal travo piblik branch nòdwès nan tèt kole ak kòdonatè kazèk Polen/Lakòz nan deside netwaye twonson wout Lakòn nan ki kondwi Deside ak Polen.

78
0
Share:
TRiboLAND

01/13/2022

Pòdpè______(TRiboLAND) Direksyon depatmantal travo piblik branch Nòdwès, nan tèt kole ak kòdonatè konsèy administrasyon seksyon kominal Polen/Lakòn nan, Derisma Jimmy deside fè yon ti pase men sou twonson wout Lakòn nan ki mennen Deside ak Polen.

Yon seksyon kominal kole kole ak vil pòdpè ki anpàn divès enfrastrikti tankou: sanitè, eskolè, woutyè poun site sa yo sèlman.

Nap soulinye pou ou, malgre mepri otorite depatmantal yo ak kominal yo, travay sa a rive posib se gras ak bourad gaz kòdonatè konsèy administrasyon seksyon kominal Polen Lakòn nan bay.

Yon twonson wout ki bay anpil tèt chaje e sisite gwo diskisyon nan mitan divès sitwayen k ap viv nan zòn sila. Ki dapwè yo, li pa posib pou zòn yo a, ap founi materyo an tèm eksplwatasyon karyè, ròch, sab ak gravye pou itilite divès kalite konstriksyon nan depatman Nòdwès la, alòske yo menm, yo pa rive benefisye menm yon pwèlyèm nan sakap fèt yo.

Yon travay ki, yon bò mete kè kontan lakay kèlke abitan ak chofè taksi kap trafike sou wout la epi yon lòt bò kreye yon kè pa kontan lakay sitwayen yo akòz yo fè konnen seksyon kominal la merite plis ke ‘grate wout tè”.

Antouka, li enpòtan pou konnen, ke Polen Lakòn yonn nan seksyon kominal ki plis kole ak vil Pòdpè pako benefisye menm yon ti moso beton idrolik vwa menm yon adoken.

Genson HYPPOLITE

Share: