Gwoudou gwoudou nan depatman Nip : pou pipiti 2 moun mouri ak anpil lòt blese

01/24/2022
Miragwànn_______(TRiboLAND) Depwi kèk ane peyi Dayiti ap monte lesyèl pa do ak yon seri katastwòf tout kalite tankou tranbleman tè, siklòn e latriye. Konsa, maten lundi 24 janvye 2022 an, plizyè depatman nan peyi a sekwe e konsa panik, latranblad ak zak krabinay kontinye ap mete dlo nan zye popilasyon an.
Plizyè depatmam nan peyi Dayiti sekwe. Pou depatmant Nip peyi a, bilan Direksyon Pwoteksyon Sivil yo revele ke genyen 2 moun ki mouri, 4 lòt disparèt, 52 moun blese. Yon lòt bò genyen 191 kay ki kraze, 591 lòt andomaje epi genyen 834 fanmiy ki sinistre.
Selon otorite lokàl yo, zòn ki pi lwen yo se yo ki pi afekte. Yon parèy sitiyasyon mete gro panik nan mitan popilasyon ayisyèn nan, ki pa sispan ap fè fas ak gwo sekous lakilbit anba yon gwoudou gwoudou san rete.






