Foutbòl-KAN: Avèk yon gran Salah, peyi Lejip kalifye pou demi final

John Jean Jacques
01/30/2022
Yaounde, Kamewounn______(TRiboLAND) Nan yon match ki te anonse lakoulè nan kad ka de final Koup Nasyon Afrik yo, oeyi Lejip ak yon Mohamed Salah an fòm kon bas, jwenn kalifikasyon li pou demi final konpetisyon an.
Nan yon rankont foutbòl ki te chaje ak dechè teknik, men ki te gen anpil rebon, peyi Lejip pouse do Mawòk deyò nan pi gwo konpetisyon ki genyen nan kontinan Afriken an avèk yon kal 2-1 nan pwolongasyon pandan ke li tou kalifye pou demi final yo.

Granm bonè nan match la, mawoken yo te pran avantaj la lè ke Boufal Sofiane tap al konvèti yon penal an gòl. (1-0 5′). Peyi Mawòk tap al konsève eskò sa jiskaske premye mitan match la te fini.
Nan kòmansman 2e peryòd match la, Carlos Quieroz ki se antrenè peyi Lejip te fè premye chanjman li lè ke l te retire Ahmed Hegazy pou l te fè rantre Trézeguet. Apwè chanjman sila a, Farawon yo te pran match la pou yo jiskaske yo te jwenn egalizasyon an sou yon kònè bwote anba kontwòl Omar Marmoush ki tap al tonbe sou tèt Mohamed Abdelmonem ki touswit repouse avèk mannèv Bounou ki se dènye ranpa ekip Mawòk la. Salah bò kote pa li, ki tap flannen nan sifas Mawoken yo, te mete balon an gòl (1-1 53′).
Malgre tout efò 2 ekip yo te fè, sa pat anpeche match foutbòl la li te fini 1-1. Sitiyasyon sila te oblije yo ale nan pwologasyon. A 5′ de fen premyè peryòd pwolongasyon an, sou yon sant byen travaye de Salah devan kan ekip Mawòk la pou Trézéguet ki te mete balon an nan gòl. Ejipsyen yo te te pran avantaj la (1-2 100′). Korekipye Salah yo te jere eskò sa jiskaske pwolongasyon te fini.
Nap raple ke Peyi Lejip ap gen pou troke kòn li ak Peyi kap òganize konpetisyon an kise Kamewoun jedi 3 fevriye 2022 a 2h nan apwè midi pou demi final yo.






