Direksyon depatmantal PNH Nòdwès la lanse mouvman “polis popilasyon” an nan komin Senlwidinò.

05-15-2024
Senlwidinò, Ayiti____(TRiboLAND) Responsab polis Nòdwès la, Clevens Cetoute nan yon rankont ak popilasyon Nòlwizyèn nan lanse mouvman “polis popilasyon” an nan komin Senlwidinò, jounen mèkredi 15 me 2024 la,pou kapab etabli lòd ak disiplin nan mitan popilasyon nòlwizyèn nan.

Objektif rankont sa a,se pou fòme ajan polis minisipal yo epi ede yo jwenn yon ranfòseman ki pap kreye pwoblèm antre yo ak popilasyon an.
Direktè depatmantal PNH Nòdwès la lanse inisyativ rankontre popilasyon an depi kèk mwa nan depatman an se pou pèmèt yo jwenn yon konsansis pou konbat fenomèn ensekirite a.
Se pou lapremye fwa yon direktè polis pran yon inisyativ parèy; anpil sitwayen nan komin nan bat bwavo pou gwo kokenchenn travay sa ki kapab kreye yon klima konfyans nan mitan popilasyon an ak lapolis nasyonal la.






