“Inityativ fanm ayisyèn” kap defann dwa fanm nan komin Jan Rabèl denonse fason otorite yo nan domèn edikasyon ap deroje dwa ansenyant yo.

05/07/2022
Jan Rabèl, Ba Nòwès______(TRiboLAND) Etienne Roselène, responsab inityativ fanm ayisyèn kap defann dwa fanm, denonse move tretman ak dewogasyon dwa fanm yo nan domèn edikasyon nan komin Jan Rabèl, jounen samdi 5 fevriye 2022 an.
Responsab dwa fanm yo nan kad entèvyou ke li te akòde TRiboLAND, eseye drese yon tablo repunyan bay media anliyn lan kote li soulinye kantite tan medam yo pran nan wout pou ale ansenye parapò ak kriz gaz la, mete sou movèz inityativ direksyon depatmantal edikasyon an lè yo deside mete fanm yo sou ran, nan solèy, pousyè, pou yo vin pran chèk travay yo. Pou madam Etienne, li pa nòmal ditou, e li imilyan pou fanm ak ti bebe, fanm ansent ak fanm ki sot sibi operasyon chirijikal pou se nan peze ak kwense pou yo vin resevwa fwi travay yo.

Madame Étienne nan sans sa a, plede an favè fanm yo e mande ak otorite yo nan ministè edikasyon panse bagay yo yon lòt fason paske dapwè li, fanm yo gen dwa,e yo dwe trete yo yon lòt fason konsa yo kapab santi yo alèz nan pwosesis ansèyman aprantisaj la.
Poze l kesyon e mande l kisa ki lakòz fenomèn nan? Roselène reponn se pwofesè yo akòz y ap sòti nan divès lòt komin nan ba nòdwes la pou vin resevwa chèk yo nan Jan Rabèl.
Etienne Roselène, responsab inityativ fanm ayisyèn nan komin sila bò kote pal pa danse kole ak kalite tretman sa yo e otorite yo dwe jwenn yon lòt fòmil apwopriye pou rezolisyon kriz sila.
Genson HYPPOLITE






