Jij Gary Aurélien deklare ke Pwemye Minis Ariel Henry enplike ra gagan nan asasinay pwezidan Jovenel Moise la

103
0
Share:
TRiboLAND

02/08/2022

Pòtopwens_______(TRiboLAND) CNN ki se youn pami yon se seri gwo chènn televizyon amerikèn mete deyo yon pakèt revelasyon tèrib ki lonje dwèt jouda sou patisipasyon Pwemye Minis Ariel Henry nan zak asasinay pwesidan Jovenel Moise 7 jwiyè 2021 dènye nan Pèleren 5, Petyonvil.

Medya popilè amerikèn nan atravè kout plum jounalis Matt Rivers, Nathalie Gallon ak Étan Dupain rap`ote ke PM Henry enplike ragagann nan krim pwezidansyèl la, patikilyèman nan nivo konplotaj planfifye zak malfektè a. CNN ki pa janm mache san evidans, konfime ke se atravè yon seri evidans odyo ke Jij Gary Orélien te genyen nan men li nan moman li tap supèvize dosye a, dapwè sa CNN rapòte.

Atik CNN lan rabat pou li ale pi lwen ak deklarasyon Majistra Garry Orélien ki soutni ke Ariel Henry genyen bonjan kòkòday ak sèvo krim nan ki se bonjan zanmi li. “Asasen yon planifye zak asasinay Chèf Deta a avèk Ariel Henry e vrè sispèk krim nan se Ariel Henry”, dapwè yon odyo CNN arive jwen sou yon seri deklarasyon anrejistre majistra Orélien te fè.

Entèvwuwe sou kalite deklarasyon sa yo, Jij Gary Aurélien ki retire l nan dosye Jovenel Moise la, deklare bay CNN ke li pa sonje ke li te fè deklarasyon sa yo. Sa esplike, yo te anrejistre l san li pat konnen.

Antouka, “timing” yon parèy revelasyon sou Pwemye Minis Ariel Henry, rive bap apwè 7 fevriye 2022 a, kote plizyè vwà nan klas politik la ap klewonnen fen pouvwa tèt chat ou enkapab PM nan ki deklare ak anpil awogans ke Ti Mari pap moute, Ti Mari pap desann.

Ajoute ak sa, revelasyon yo tonbe egzakteman nan mwens 24 èd tan apwè PM Henry tap bat gwo lestomak li nan delivre yon diskou bay popilasyon an kote ke li pwomèt ak “je chèch ou odas” pou bay pwezidan Jovenel Moise jistis nan moman men Ariel tranpe ra gagann nan yon parèy lanmò.

Share: