Konferans donatè nan kad rekonstwiksyon zòn sid la: PM defakto Ariel Henry kontan e ap file lang

02/09/2022
Pòtopwens______(TRiboLAND)Pandan ke ti miyèt sena a konstate fen pouvwà pwimati a e egzije pou li senpleman jere likidasyon afè leta a, pwemye minis Ariel Henry anonse ak kè kontan yon gwo chita tande avèk yon seri òganizasyon donatè pou konstwiksyon “Grand Sud” la apwè ravaj gwoudou gwoudou 14 dawou 2021 an.
Se “déjà vu”! Yon lòt fwà ankò eskanmòtè politisyen kap benyen nan kòripsyon yo deja ap file lang pou yon lòt opòtinite gagotaj de yon seri magogo ki pa janm rive sou wout popilasyon ayisyen an. Kòm PHTK, Ariel Henry genyen enterè pou ekspwime kontantman li fas ak yon inisyativ ki konte òganize nan Pòtopwens sou videokonferans e an pèsòn 16 fevriye 2022 pwochen, dapwè chèf tout plimay pwimati a.
Antouka, Ariel Henry ki ta sanble oblije ap jere afè kouran leta, genyen pou etale nan moman yon parèy reyinyon, yon plan global byen detaye kap genyen pou bay jarèt zòn sid la nan nivo rekonstwiksyon.
Selon yon seri kritik, evantyèl dekèsman pou epole yon parèy pwojè redrèsman, riske tonbe anba menm rejim ki fini ak 12 milya dola Fon Petwokaribe a, yon ekip mafya ki kontinye ap jwi iminite e pwoteje anba parapli yon jistis ak antite pouri ki lage Ayiti nan sa li ye la.
Pou anpil moun, pou ki sa se nan yon parèy kontèks kriz tout plimay ke donatè reselè yo asèpte chita avèk yon pwezume kriminèl ki planifye asasinay pwezidan Jovenel Moise, dapwè dènye revelasyon CNN yo sou asasinay chèf deta a.






