Malgre sitiyasyon yo, Komin Chansòlm fete fèt patwonal li ki se “Notre-Dame Lourdes”

John Jean Jacques 02/11/2022
Chansòl, Pòdpè______(TRiboLAND) Plizyè andwa fete jounen jodi vandredi an, fèt patwonal yo ki se “Notre-Dame de Lourdes” malgre sitiyasyon sosyo-ekonomik yo kap baleye peyi a.
Jodi vendredi 11 fevriye 2022, “Notre-Dame de Lourdes”, ta dwe fete kòm fèt patwonal nan plizyè zòn nan peyi a tankou: Beladè, Chansòl, Gran Basin, Mowon, Ans a Pit ak Bèl Fontèn.

Sepandan, Chansòl ki se yon komin nan depatmam Nòdwès la, resevwa anpil pèleren ki te sòti toupatou atravè peyi a pou vin selebre senpatwon komin nan, malgre sitiyasyon peyi a nan kesyon sekirite.
Aktivite relijye yo te patikilyèman santre nan katedral Chansòlm lan anba zòd Monsenyè Charles Peters Bathélus. Nan omeli sikonstans lan, Monsenyè a te mete aksan sou miltiplikasyon zak ensekirite yo kap vale teren atravè peyi a, ki vin rann kondisyon lavi moun vin pi difisil.
Evèk la kontinye ak entèvansyon l lan poul mande popilasyon an pou li priye anpil pou Bondye kapab retire Ayiti nan sitiyasyon pèdisyon sa a. Selon Monsenyè Charles, dire lavi yon ayisyen aktyèl pa plis ke 1èd tan renouvlab, pwiske pèsonn pagen asirans pou l di ke lap ka wè ni pita ni demen.






