Fowòm Patriyotik pou yon Antant Nasyonal bay pozisyon l sou kriz peyi-a

Pòdpè__(TRiboLAND) Fowòm Patriyotik pou yon Antant Nasyonal ki regwoupe plizyè òganizasyon peyizan tankou :MPNKP, Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen , MPP ak KROSE,pou-n site sa yo sèlman, te reyini nan Vil Pòdpè jou ki te Samedi 26 Oktòb 2019 la yon mannyè pou reflechi sou kriz manch long sa-a peyi Desalinn nan ap fè fas depi plizyè mwa.
Pou kontinye ak seri refleksyon yo pandan chita tande sa-a, yo te tou pwofite mete kanpe yon strikti ki gen ladan-l plizyè reprezantan komenn depatman an yon fason pou kontinye apiye tout fòm mobilizasyon pou rive deboulonnen Prezidan Jovenel Moïse ke yo estime ki se yon mantè e ki pa gen anyen lap jere pwiske tout enstitisyon peyi a fenn disparèt. Konsa, objektif pwimè yo se deboulonnen Jovenel nan Palè Nasyonal ansuit atake Sistèm Koripsyon peze souse a ki se yon kansè e ki anpeche peyi Papa Nasyon an vanse pou pi douvan.
Konsènan deklasyon peyi Etazini kap mande dyalòg pou rive rezoud kriz la, kowòdonatè Nasyonal Tèt kole Tipeyizan an, Mesye Pierre Joseph fè konnen, Gouvènman Ameriken pat janm nan kan pèp Ayisyen an, paske tout eleksyon chanpwèl ,pike kole, se sitou Gouvènman Ameriken ki toujou apiye yo nan peyi Dayiti e ki lakòz peyi sa-a toujou an kriz.
Kowòdonatè Joseph rapouswib pou-l di se pèp Ayisyen an ki pou pwan desten-l nan men-l pou li kapab rive chavire Sistèm nan ki dwe kòmanse ak demisyon Msye Jovenel Moïse sou pouvwa a pandan yap kontinye apiye tout fòm mobilizasyon, manifestasyon ki egzije depa Chèf Leta-a, Jovenel Moïse, konsa nap rive akouche Konferans Nasyonal Souvrènn nan atravè yon tranzisyon ki pwal koupe fache ak zafè gwo vale piti; mete yon bout ak Sistèm KOLONYAL la , KÒRIPSYON ,PEZE SOUSE sa ki rann peyi envivab ansuit mete anba kòd tout moun ki gen dwèt yo tranpe nan kòb PETWOKARIBE ak anpil lòt vòl finansye avan a, dapwè Pierre Joseph ki tap depoze nan mikwo TRiboLAND.
Saint-Jean Wiskis, TRriboLAND






