Endividi pèsòn pa rive idantifye krible ak katouch yon jèn kad BRH.

02/22/2022
Pòtopwens_____(TRiboLAND) Endividi pèsòn pa rive idantifye krible ak katouch apwèmidi madi 22 fevriye 2022 a touprè lopital Saint François Sales, Jacques Faubert Étienne, yon responsab odit nan bank Nasyonal kredi, BRH.
Jacques Faubert Étienne, mouri nan yon tantativ kidnapping kote ke li tap tante chape poul li anba grif bandi sangwen yo ki krible l anba bal. Étienne kite 2 ti chovi dèyè; li voyaje subitman anba kout zam sanginè yo ki pa sispan bwè san popilasyon ayisyèn nan chak munit atravè peyi a.
Li enpòtan pou konnen, Jacques Faubert Étienne te sibi yon tantativ asasina nan dat kite 7 desanm 2021 an.






