Yon ansyènn fanm polis peyi Jamayik antre lakay Tonton Sam ak yon pakèt kokayinn nan kò li

02/22/2022
Miami________(TRiboLAND) Yon ansyèn fanm polis jamayikèn genyen gwo akizasyon kontrebann ki pandye sou tèt li apwè ke li te antre ak kokayinn nan kò li nan peyi Etazini.
Shelian Cherine Allen ki genyen 42 rekòt e ki pase 18 lane kòm polis fanm, genyen gwo akizasyon male pandye ki plane sou tèt li. Otorite peyi Etazini yo repwoche l dèske li enpòte kokayinn anndan lakay Tonton Sam yon fason pou li te kapab simaye yo, dapwè otorite lajistis yo.
Nan yon vòl ki te soti Montigobe, nan Jamayik, polisyè Allen te rive nan Èpòt Entènasyonal Fort Lauderdale kote ke sèvis Ladwann ak Sekirite Fontalyè Etazini te jwenn sou li nan moman enspeksyon yon pakèt kokayinn nan chouboulout li ak yon lòt anba chak soutyen li.
Sak pi rèd la, anplis de sa, otorite yo jwenn egalman 90 ti surèt kokayinn anbale anndan kòtòf lestomak li ke li te vale. An total, responsab yo jwen apepwè 1350 gram kokayinn sere tout kote sou Allen; yo te enkyete anpil a yon pwen key o te oblije kouri lopital avè l. Si lajistis Amerikèn jwen Allen rizyèz, li riske pase 40 lane nan pwizon pou chak chèf dakizasyon.






