Prezidant katèl Ajan egzekitif enterimè komin Janrabèl la raple otorite ke wout se chimen devlopman

100
0
Share:
TRiboLAND

02/24/2022

Jan Rabèl_____(TRiboLAND) Nan yon nòt ki pou rapèl, prezidant ajan egzekitif katèl enterimè komin Jan Rabèl la, Nathalie Petit Jean mande otorite konsène yo pou panche sou ka abitan kap pran wout Jean Rabel-Pòdpè a.

Pou li menm, zafè fè bon wout nan yon peyi se zafè LETA; konsa, wout se baz devlopman nan tout peyi. Se sak fè pa dwe gen politik nan kesyon fè wout pou pwoteje lavi moun. Wout fasilite sikilasyon pou mennen nan bonjan devlopman.
tankou nou te konstate 200 zan komin nou an ki se Jan Rabèl kote anpil moun pat ka vizite paske pa gen wout.

Pa gen wout pou sòti Pòdpè pou rive Jan Rabèl, pa gen wout pou soti Gonayiv lèw pase pa Answouj pou rive Jan Rabèl. Pandan lontan nou te kwè se pwoblèm finansman ki te lakoz, men reyalite a pwouve nou se pa sa.

Nan kòmasman mwa Avril 2021 an, moman gwo lapli ki te lakoz inondasyon nan Jan Rabèl, nou (La Meri) te gen chans resevwa Prezidan Jovenel Moïse ki te ankò vivan. Nou te diskite sou kesyon wout la ki se pi gwo priyorite nou nan ba Nòdwès. Prezidan an te di nou genyen yon fon ki disponib nan FER (Fonds d’Entretien Routier) pou reyabilitasyon 44 km wout Pòdpè – Jan Rabèl la.

Fon sa a te rete pou te al jwenn TPTC branch nòdwès. “Nan sans sa a, nan non tout popilasyon Jan Rabèl ak rès komin ba Nòdwès yo ki paka sikile byen ni nan solèy ni nan lapli, map anonse minis TPTC a kise enjenyè Rosemond Pradel ak tout direkté jeneral FER a, minis finans lan M. Michel Patrick Boisvert epi direktè Depatmantal TPTC/Nòdwès la ke finansman ki te la pou 44 km wout Jan Rabèl la dwe vin reyabilite pou wout Jan Rabèl – Pòdpè. Popilasyon an fatige, pasyans li bout. Nou paka tann ankò. entèvansyon an dwe rapid fèt rapid vit, dapwè Ajan egzekitif enterimè komin Jan Rabèl la ki tap depoze.

Genson HYPPOLITE

foto : Le Point – visionnaires de Jean Rabel

Share: