4 prezume bandi sangwen jwenn arestasyon yo nan ”Kafou Mache Sab”

85
0
Share:
TRiboLAND

03/19/2022

Kwa Dèboukè_____(TRiboLAND) Sal redaksyon TRiboLAND aprann atravè yon sous polisyè arestasyon 4 prezume bandi sangwen nan Kwa Dèboukè patikilyèman nan Kafou “Mache Sab” jodi samdi 19 mas 2022 a.

Selon enfo yo, se ti mesye polisye sou-komisarya Bon-Repo yo ki fouke sangwen yo ki ta sanble fè pati yon group gang ki genyen nan tèt li yon sèten Patrick kap fonksyone nan Rosenbèg. Segwen ki anba kòd yo pote non: Jones Jean Felix alyas “Jones”, Siège Sévère alyas “Papito”, Matenèl Pierre alyas “Woulong” e Estimot Bertho.

Konsa, selon enfo yo, sangwen yo enplike ra gagann nan sa ki pa sa tankou ransone machin, ak asosyasyon malfektè.

Share: