Inisyativ LIHFER : Divès òganizasyon fanm réflechi sou fenomèn ensekirite a

03/19/2022
Pòdpè_____(TRiboLAND) LIHFER (Ligue Haïtienne des Femmes pour le Renouveau) ki se yon òganizasyon kap feraye sou Dwa Fanm, nan konplisite ak Direktris Biwo Kondisyon Fanm nan, Erlande Pierre san konte Maudeline Exanté, Kowòdonatris LIHFER nan depatman Nòdwès la; yo tout te fè kolònn pou te fè lapawoli mache atravè deba nan Biwo Delegasyon Nòdwès la mèkredi 16 mas 2022 a
Medam yo te mete sou pye yon gro “atelye koze fanm” ki te akse sou dwà ak sekirite: dwa pou moun viv e dwa pou yo jwenn moso sekirite tout kalite. CFANO, MOFADNO, REFANO, OFVL, FENAREM, pou-n site sa yo sèlman; tout latriye òganizasyon sa yo te mobilize e soti nan tout bout kwen nan depatman Nòdwès la pou yon parèy feso.
Selon refleksyon medam yo, anpil nan yo viktim de kriz ensekirite a kap taye banda atravè peyi a depi yon bon bout tan. Kòmanse sou kidnapping rive sou vyòl ak vyolans tout kalite; pa gen bouch pou pale. Kriz ensekirite a pèmèt madan Sara yo pa ka pran machin ou kamyon pou al achte Pòtoprens ak Wanament. Li lakoz egalman anpil fanmiy vin pi pòv; bandi ap ransone yo; yo andete ak lajan prete, se yon veritab tribilasyon!

Ajoute a sa, anpil jèn fanm sibi zak malonèt ak sisinay. Aktivite pwostitisyon vin fè 2 pou 15. Konsa, divès òganizasyon fanm sa yo lanse yon mesaj bay PM defakto a, Ariel Henry ak tout rès makrèl nan gouvènman an pou pran responsablite yo. “Dwa fanm se Dwa moun. Dwa pou fanm jwenn pwoteksyon ak sekirite se pa yon favè. Leta dwe pran tout dispozisyon nesesè pou kreye yon klima adekwàt yon fason pou fasilite fanm komèsan rale yon souf, patikilyèman nan zòn Gromòn kote kidnapping lan ap fè moun mote ma swife.
Li enpòtan pou sinyale demann fanm yo nan moman gro chita tande sa a, ki te profite mande otorite nan agrikilti yo, pou ede fanm yo jwenn semans kap pèmèt yo jwenn mwayen pou plante paske agrikilti se youn nan ti demele ki fè yo pa mouri deja.
Fanuance HODNEY






