Eric Jean Baptiste remèt Mèri Jakmèl la yon chèk

Louis Jameson
03/19/2022
Jakmèl_____(TRiboLAND) Sekretè Jeneral pati politik rasanbleman demokràt nasyono pwogresis yo (RDNP), ki gen nan tèt Li Eric Jean baptiste, remèt vandredi 18 mas 2022 an, yon chèk 2,345000 goud a Mèri Jakmèl la ki trouve l nan depatman sidès peyi a.
Kidonk, aprè 42 mwa aryere salè ke mèri a nan difikilte pou peye anplwaye yo, finalman lidè pati politik RDNP la fè yon don kote ke anplwaye sa yo pràl gen posiblite pou touche youn nan 42 mwa ke leta dwe yo.

Pou Eric Jean baptiste, se yon jès ki fèt nan lide pou l pote soutyen l ak vil Jakmèl e pou mete tou anfaz sou enpòtans ak respè ke li genyen pou travay.
politisyen donatè a ale pi lwen pou di, otorite yo dwe pran responsablite yo epi respekte devwa yo genyen anvè anplwayè ki nan peyi a patikilyèman sila ki paka jwenn ti grapday yo chak mwa.






